Béatrice Samuel se moun Jeremi, li ap etidye syans enfimyè, li se powèt, konpozitè ak atizan. Li gen yon entrepriz ki rele Stamie Création ki gen pou objektif ogmante nivo pwodiksyon lokal la. Ladan l li fè bijou atizanal, tankou makrame. Li vle pote yon lòt gou nan mond kreyasyon an. Li se yon moun ki renmen endepandans, se rezon ki fè li chwazi anbake nan antreprenarya nan yon lojik pou l toujou gen otonomi monetè ak pote kontribisyon pèsonèl li nan avansman nan peyi a.