Anderson Guillaume se yon jenn gason ki ap evolye nan vil Jeremi, kote li grandi e li ap viv. Li fè serigrafi, li se fotograf e li se etidyan nan enfomatik. Nan Jeremi, yo rekonèt li sou non Good Photography oubyen(GP) antrepriz ke li kreye kote li kòmanse vann sèvis li kòm fotograf. Yon antrepriz ki ap grandi chak jou pi plis pou satisfè kliyantèl li. Grandi nan yon milye kote ki gen komèsan rann li renmen fè biznis. Se pou sa Anderson pa limite aktivite l yo sèlman a fè foto, li achte lòt atik pou l revann. Li lanse l nan fè transfòme safran an poud. Yon jenn ki devwe et ki swaf reyisit li pandan ke l ap kontinye travay nan disiplin paske pou li moun ki pa gen disiplin pa ka rive jwenn siksè.